Tout moun ki abite nan Sid, Nip ak Grandans, Natcom ofri yon pi bon sèvis, SUD-AIO. Ak sèvis sa w ka voye mesaj tèks (SMS), fè apèl sou rezo a, epi jwenn data pou w navige sou entènèt, pou yon ti kras kòb.
SUD-AIO
Plan sa se solisyon a tout pwoblèm ou ka genyen pou SMS, siyal entènèt ak apèl. Pou w aktive plan sa li senp, wap sèlman bezwen 200 Goud sou kont ou, aprè wap fè *134*222# pou w aktive l, rezon a ap voye mesaj konfimasyon pou ou. Pa bliye fèmen telefòn lan relimen l avan w kòmanse itilize plan an.
Ki avantaj SUD-AIO
Ak mega plan sa wap kapab voye SMS jan w vle sou rezo a gratis, wap ka fè kantite apèl ou vle sou rezo a gratis, men fòk yo pa depase 10 minit, epi wap jwenn 2.5 GB pou w navige sou entènèt epi ale sou rezo sosyal yo san pwoblèm.
Pa bliye ou menm ki kliyan Natcom, kap viv nan Gran Sid, ak SUD-AIO wap ka fè bonjan ekonomi. Pou w anrejistre, wap sèlman fè *134*222#. Ak Natcom, se plis avantaj.